top of page

SA W DWE KONNEN DE NOU  

 

Nou swete w byenvini sou RADIO MESSAGE. Radio Message egziste pou preche Bòn Nouvèl Rwayom BONDYE a tout moun ki konpran n lang kreyòl la. Nou swete ke travay sa a, rive chanje kè tout Ayisyen, pou AYITI nasyon prodig la ka rive pran rout pou vini peyi ke BONDYE te kreye l pou l ye a.

​

Sonje byen ke nenpòt sa ke wap fè nan lavi si ou vle vrèman rive fè vrè siksè a, ou bezwen etidye nan liv ki rele LABIB la, kise pawòl BONDYE kreyatè a, Elohim. BONDYE Izraèl la vle chanje lòm Ayisyen ak tout peyi Ayiti, men pou Li rive fè sa, nou tout Ayisyen dwe repanti e kwè nan Bòn Nouvèl la. Renmen BONDYE kreyatè a ak tout nanm nou, ak tout kè nou, e ak tout fòs nou. Nou dwe tou renmen prochen nou menm jan nou renmen pròp tèt nou. Nou pa dwe adore zidòl, okenn imaj taye. Nou pa dwe ap pratike maji, adore espri domoniak yo; nou dwe adore e sèvi sèlman BONDYE Jakòb la.

 

Si nou rekònèt ke nou peche, BONDYE fidèl e jis pou Li padone nou de tout peche nou yo. Men si nou di nou pa peche, nou pa fè anyen ki mal, enbyen verite a pa nan nou, nap bay tèt nou manti. Si nou vle peyi nou chanje vre, pou rive gen lapè nan peyi a, pou rive gen lanmou nan kè nou youn pou lòt, pou nou ka rive fè youn ak lòt konfyans, nou dwe li ak tande Pawòl BONDYE a. Paske lafwa nou dwe gen nan LI a, ap vini de sa nou tande, e sa nou tande dwe sòti nan BONDYE. Nou RADIO MESSAGE, se ròl nou pou ede w jwen Pawòl sa a pou w tande. Nou priye ke chak Ayisyen rive tande Pawòl BONDYE a, pou yo kwè nan Li, e mete Li an pratik nan lavi yo. Si nou fè sa, se gade nap gade nap wè ke nou transfòme e devni yon lòt kalite moun, yon lòt kalite sitwayen ak yon bèl Ayiti prospè jan nou tout reve l la.

 

Sòm 33:12 " Ala bon sa bon lè yon peyi gen Seyè a pou Bondye li! Ala bon sa bon pou pèp li chwazi pou rele l' pa l' la!"

 

Ke BONDYE Abraham nan, BONDYE ki te voye Christophe Colomb prepare tè a pou nou an, BONDYE ke Toussaint L'Ouverture te rele a, BONDYE ki te ede Jean-Jacques Dessalines, François Capois ak tout rès zansèt nou yo rive vini premye peyi nwa lib e endepandan. Ke Li ede nou konprann e konnen ke nou se yon nasyon spesyal, konnen tou pou kisa nou te kreye.

bottom of page